CONATEL

Conseil National des Télécommunications

Konkou : Chache Konnen Sou TEK 2018

Konkou « Chache Konnen Sou Teknoloji Enfomasyon Ak Kominikasyon »

Kontèks ak objektif

Nan kad projè « Promosyon pou Enklizyon Nimerik (PEN) » ki vle pou bay gwoupman kominotè ak asosiyasyon jèn lavil tankou andeyò yo chans pou pwofite avantaj Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon, KONATEL ap òganize nan finisman ane a yon Konkou ki rele : « Chache Konnen sou Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon » pou òganizasyon ak asosyasyon nan katye yo.

Objektif konkou a se pou sansibilize jèn yo sou enpòtans teknoloji a ka genyen sou devlopman kominote yo ak anvironman yap viv, e lap ka ba yo anpil ouvèti ekonomik ak sosyal. Se yon fason pou KONATEL ankouraje jèn ak ajan kominotè yo itilize teknoloji yon fason pozitif pou yo voye kominote yap viv la monte piwo. Lèw patisipe nan konkou sa a wap ka gen prim ak Kado depiw respekte tout kondisyon ki nan fomilè patisipasyon an.

Kondisyon pou patisipe

Tout Òganizasyon devlòpman kominotè alawonnbadè nan peyi a ki gen papye rekonesans legal ajou (Ministè Afè Sosyal ak NIF DGI a) ka patisipe nan konkou a.

Prim ak kado

Òganizasyon ki rive reponn pi byen plis keksyon yo ap kalifye pou resevwa prim li merite a.

Enfòmasyon nou dwe konnen

1. Konkou a ap òganize sou entènèt. Tout Òganizasyon kap patisipe dwe:

  • Vizite sit entènèt konkou a pou byen li tout enstriksyon yo,
  • Aksepte enstriksyon yo,
  • Ranpli fòmilé enskripsyon an pou enskri Òganizasyon an,
  • Reponn ak keksyon yo.

 

2. Dènye dat pou patisipe nan konkou a se 4 janvye 2019 a 11 zè 59 nan aswè.

3. Kouman pwen yo ap konte

  • Enskripsyon: 30 pwen
  • Repons ak keksyon yo : 70 pwen

4. Rezilta konkou a ap pibliye sou sit entènèt KONATEL la jou kap vandredi 11 janvye 2019.

Pou plis detay rele nan nimero telefòn sa a: (+509) 2940-0099.

 

/ Actualités

Le Directeur Général fait le point sur son bilan et présente les perspectives du CONATEL sur Radio et Télé Métropole Ce mardi 20 janvier 2024, le Directeur Général du Conseil National des Télécommunications (CONATEL), l'ingénieur Joses Jean Baptiste, a répondu aux questions de M. Wendell...
Message de Mme Audrey Azoulay, Directrice générale de l’UNESCO, à l’occasion de la Journée mondiale de la radio 13 février 2024 En cette Journée mondiale, nous célébrons l’histoire de la radio, mais aussi son rôle central dans nos sociétés, aujourd’hui comme dans les années à venir. Cette...

Psugo Graph

Programme de Scolarisation Universelle Gratuite Obligatoire (PSUGO)

Recette collectée pour la période
Juillet 2011 au 31 aout 2021
USD 190,600,437.59

/ twitter

/ restez-connectés

   

Image de sensibilisation